Lòt Nivo
Epizod 37. Pasyans
Pou mwen, lavi se pasyans, paske tout sa w dwe genyen mande yon kantite tan ak efò pou w jwenn li. Mwen renmen obsève lanati, gade jan chak eleman fonksyone, jan yo grandi. Ti grenn ou mete nan tè a pa pouse menm jou a. Ou bezwen ba li tan, wouze l, pwoteje l pou bèt pa vin grate kote li ye a. Tout sa yo mande pasyans.
Poutan, mwen ak ou pa gen pasyans otomatikman. Mwen te konn repete souvan mwen pa gen pasyans, mwen pa renmen tann, paske lè m ap tann, mwen santi mwen pa gen kontwòl la nan men m. Mwen te toujou ta renmen tcheke nan ki nivo sa ye, pou evalye konbyen tan mwen rete. Men malerezman, majorite fwa nan lavi nou, nou pa ka mezire tan ni evalye egzakteman konbyen tan yon sitiyasyon ap dire.
E yon moun ki pa aprann travay ak tèt li pou l kiltive pasyans sijè a viv fristre toutan.
Kisa pasyans ye?
Nou konn tande yo di “pasyans se yon vèti.” Men sa pa eksplike vrè sans li.
Pasyans se kapasite pou w sipòte reta, difikilte oswa ensètitid san w pa kite fristrasyon pran kontwòl ou. Li pa vle di ou pa santi estrès, kòlè oswa dekourajman. Li vle di ou pa kite emosyon sa yo deside pou ou.
Lè bagay yo pa mache jan ou te espere, pasyans envite w fè yon poz olye w reyaji prese. Li fè w sonje ke chak sitiyasyon pa mande yon repons imedya. Gen kèk ki mande tan, refleksyon ak matirite.
Yon moun ki gen pasyans pa sèlman gade sa l ap viv jodi a. Li gade kote desizyon li pran jodi a ap mennen l demen. Se poutèt sa pasyans souvan mande nou renonse ak plezi oswa satisfaksyon imedya pou nou jwenn yon rezilta ki pi solid demen.
Pafwa, chemen ki pi rapid la se pa chemen ki pi saj la. Pasyans ban nou fòs pou n chwazi sa ki bon pou lavi nou, menm lè sa mande plis tan, plis efò oswa plis disiplin.
Nan sans sa a, pasyans pa yon siy feblès. Se yon fòm fòs enteryè. Se kapasite pou rete fidèl ak direksyon ou, menm lè rezilta yo poko parèt.
Pasyans se lè ou aprann fè lapè ak tan, olye ou goumen avè l.
Get Nancie ti chita pale’s stories in your inbox
Join Medium for free to get updates from this writer.
Pi enpòtan ankò, nou souvan panse pasyans se tann. Men vrè pasyans se pa sèlman tann. Se fason ou viv pandan w ap tann.
Nivo pasyans ou defini karaktè w
Souvan, lè nou pale de karaktè, nou konn panse ak onètete,lwayote oswa respè. Men kapasite pou nou rete fidèl ak sa nou deside, menm lè rezilta yo pran tan, di anpil sou kiyès nou ye. Paske yon moun ki pa gen pasyans souvan pa bay tèt li tan pou l konstwi sa li vle a. Li prese jwenn rezilta. li prese abandone, li prese chanje direksyon.
Pasyans fè w kenbe angajman w. Li fè w fini sa w te kòmanse. Li anpeche w kraze ak pwòp men w sa w te gentan bati. Li aprann ou ke se pa tout bagay ki bezwen grandi vit pou yo gen valè.
Mwen sonje gen plizyè fwa nan lavi mwen kote mwen te prèske rive reyalize yon objektif, epi mwen ankò kraze sa. Mwen te tèlman anvi rezilta a rive vit, mwen te vin dekouraje paske mwen te santi mwen pap janm rive. E se enpasyans sa a ki te fè m abandone oswa pran move desizyon.
Gen lòt fwa ankò, mwen te prese fè yon aksyon san m pa pran tan reflechi. Presipitasyon sa a te fè m pèdi tout avantaj mwen te gentan genyen. Mwen te oblije rekòmanse pi lwen pase kote m te ye a.
Sa te defini karaktè m kòm yon moun ki te enpilsif olye de disipline.
Èske yon moun ki pa pasyan ka aprann vin pasyan nan lavi?
Absoliman. Nenpòt bagay ou vle aprann, ou kapab aprann li. Li mande volonte ak efò.
Pasyans se yon kapasite nenpòt moun ka devlope. Menm si ou enpasyan, ou ka aprann vin pi pasyan ak tan, pratik, ak konsyans de jan ou ap viv chak moman.
Nan travay, pasyans enpòtan anpil. Yon bon lidè konprann tout moun pa aprann ak menm vitès. Olye pou li wè erè kòm echèk, li wè yo kòm etap pou aprann. Sa ede ekip la travay pi byen ansanm, rete kalm, epi jwenn pi bon solisyon menm lè plan yo chanje. Nan anviwònman pwofesyonèl, gen anpil ensètitid. Plan yo pa toujou mache jan moun te espere. Lè sa rive, ekip yo bezwen adapte yo, chanje plan, epi chèche lòt solisyon.
Pasyans pa sèlman enpòtan pou ou menm; li enpòtan tou nan relasyon ak lòt moun. Lè ou pasyan ak fanmi, zanmi oswa kòlèg, relasyon yo ka vin pi solid epi dire pi lontan.
Moun ki aprann pratike pasyans souvan devlope plis konpasyon, jantiyès ak kapasite pou kolabore. Yo vin pi fasil pou padone lòt moun, paske yo konprann tout moun ap aprann e tout moun gen pwòp ritm pa yo.
Finalman, pasyans ede w pran desizyon ki pi reflechi, devlope pèseverans ak rezistans, aprann nouvo bagay, vin yon pi bon moun k ap koute, epi kreye plis kalm nan lavi w.
An jeneral, pasyans se yon fòs ki ede w grandi nan travay, nan relasyon ak nan lavi. An nou aprann tann san nou pa abandone sa n ap konstwi.








